Fòmasyon sa a ap montre w etap pa etap kijan pou achte sou entènèt depi Ayiti, menm si ou pa gen kat bankè, ak MonCash e NatCash. W ap aprann kòman pou kòmande sou sit tankou Alibaba, Amazon, Temu ak lòt yo, epi kijan pou resevwa pwodwi ou yo Ayiti.
0
Ce cours comprend les éléments suivants
Modules dans le programme d’études
Course Badge
Fòmasyon sa a se yon gid konplè ki ap ede ou konprann kijan pou achte sou entènèt fasilman depi Ayiti, menm si ou pa gen kat kredi entènasyonal. Nou pral montre w etap pa etap kijan pou itilize platfòm popilè tankou Alibaba, Amazon, Temu ak lòt sit e-commerce yo, pandan nou eksplike w tout sa ou bezwen pou w evite erè moun konn fè lè yo ap achte sou entènèt. Ou pral aprann kijan pou chwazi bon pwodwi, verifye vandè yo, konpare pri yo, epi pran bon desizyon pou ou pa pèdi lajan ou.
Nan lòt pati fòmasyon an, nou mete gwo aksan sou metòd peman ki mache ann Ayiti tankou MonCash ak NatCash, pou pèmèt ou fè acha ou san pwoblèm. Nou pral montre w tou kijan pou w resevwa pakè ou yo, kijan transpò entènasyonal fonksyone, ak kijan pou w kalkile pri final yon pwodwi (pri + livrezon + taks). Objektif la se pou ba ou konfyans ak konesans pratik pou ou kapab vin yon achtè entelijan, ekonomize lajan ou, epi menm kòmanse pwofite opòtinite biznis ki nan acha sou entènèt la.
Course Currilcum
-
- Objektif : Konprann baz yo Illimité
- Kisa achte sou entènèt ye ? Illimité
- Avantaj ak risk yo Illimité
- Prezantasyon platfòm yo : Illimité
- Defi ki genyen spesyalman an Ayiti (pèman, livrezon) Illimité
- Solisyon ki egziste Illimité
- Egzèsis : Kreye yon imèl + yon kont sou yon platfòm 1 semaine, 3 jours
-



